Deuteronomy 16:2
Pou fèt delivrans lan, n'a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:5Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit.
Numbers 28:19N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt pou Seyè a: de jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
Deuteronomy 12:11Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
Deuteronomy 12:18Men, se kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sèlman n'a manje ofrann yo devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 15:20Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyè a, kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a.
Matthew 26:2Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l' sou kwa a.