Deuteronomy 16:8
Pandan sis jou, n'a manje pen fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout moun pou fè gwo sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay.
Bib La
In The King James Version
In Context
9N'a konte sèt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmase rekòt grenn nan jaden nou yo.
Cross References
Exodus 12:15Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
Leviticus 23:6Sou kenzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse fèt pen san ledven yo. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven.
Numbers 28:17Kenzyèm jou menm mwa a va yon gwo jou fèt. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven.
Nehemiah 8:18Yo pase sèt jou ap fete. Chak jou, depi premye jou a jouk dènye jou a, yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a. Sou wityèm jou a, yo fè yon gwo reyinyon pou fèmen fèt la jan regleman an mande l' la.