Exodus 12:15
Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:14Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pa t' kenbe kontra mwen fè ak nou an.
Exodus 12:19Pandan sèt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou paske nenpòt moun ki va gen malè manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou.
Exodus 13:6Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Seyè a.
Exodus 30:33Si yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l' sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.
Exodus 31:14Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou mete apa pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye l'. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a.
Exodus 34:25Lè n'ap touye yon bèt pou ofri l' ban mwen, piga nou janm sèvi ak pen ki fèt ak ledven. Lè fèt Delivrans lan menm, piga nou kite ankenn vyann bèt yo touye pou fèt la rete pou denmen maten.