Deuteronomy 18:1
Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y'a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 18:8Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an.
Numbers 18:20Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.
Deuteronomy 10:9Se poutèt sa, moun branch fanmi Levi yo pa t' resevwa ankenn pòsyon tè pou rele yo pa yo menm jan ak moun lòt branch fanmi yo paske se Seyè a ki tout byen yo, jan Seyè a, Bondye nou an, te di l' la.
Joshua 13:14Sèl branch fanmi Levi a pa t' resevwa ankenn pòsyon tè ki rele l' pa l' nan pataj la, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te kite tou sa yo ofri ba li pou yo, jan li te di l' la.
Joshua 18:7Moun Levi yo menm p'ap resevwa ankenn pòsyon nan tè a tankou lòt branch fanmi yo, paske tou sa y'a gen pou yo fè se sèvi pou yo sèvi prèt pou Seyè a. Pou moun branch fanmi Gad yo, moun branch fanmi Woubenn yo ak mwatye nan branch fanmi Manase a, yo gen tan resevwa pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, jan Moyiz, sèvitè Bondye, te ba yo l' la.
1 Peter 5:2Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou.