Deuteronomy 18:2
Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 18:20Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.
Psalms 16:5Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.
Psalms 84:11(084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
Isaiah 61:6Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.
Ezekiel 44:28Prèt yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo.
1 Peter 2:9Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.