Deuteronomy 18:22
Enben, si pwofèt la di l'ap pale nan non Seyè a, epi sa li di a pa rive vre, lè sa a, n'a konnen Seyè a pa t' janm di l' di pawòl konsa. Se lògèy ki te pouse pwofèt la di sa l' di a. Nou pa bezwen pè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 13:1Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou,
1 Samuel 3:19Samyèl t'ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre.
2 Kings 20:1Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
Isaiah 41:22Pwoche non! Vin di sa ki gen pou rive! Kisa nou te di k'ap rive ki rive vre? Di nou ki jan sa pral pase pou n' ka pran prekosyon nou! Fè nou konnen sa ki gen pou rive pou n' ka rekonèt sa lè l'a rive vre!
Jonah 3:4Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt.
Zechariah 1:5Kote zansèt nou yo ye koulye a? Eske pwofèt yo te ka viv san yo pa janm mouri?