Jonah 3:4
Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 20:1Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
Jeremiah 18:7Yon lè mwen pran desizyon pou m' derasinen yon nasyon osinon yon peyi ki gen wa, pou m' kraze l', pou m' detwi l'.
Jonah 3:10Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.