Deuteronomy 2:8
Se konsa nou leve, nou pati, nou kite wout Araba a ki soti lavil Elat ak lavil Etsongebè, nou pase byen lwen peyi kote pitit Ezaou yo rete a, peyi ki pou moun menm ras ak nou yo. Nou vire, nou pran chemen ki mennen nan dezè Moab la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 20:21Se konsa moun peyi Edon yo te refize kite moun pèp Izrayèl yo pase nan peyi yo a. Kifè moun Izrayèl yo te blije vire do yo, fè yon lòt wout.
Deuteronomy 1:1Men pawòl Moyiz te di tout pèp Izrayèl la lè yo te lòt bò larivyè Jouden an, nan dezè a, nan plenn Araba ki anfas Souf: Yo te gen dezè Paran an sou yon bò ak lavil Tofèl, Liban, Azewòt ak Dizaab sou lòt bò a.
1 Kings 9:26Wa Salomon te bati yon bann gwo batiman lavil Ezyongebè ki te toupre Elat, bò lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou Edon an.
2 Kings 16:6Se lè sa a wa peyi Edon an pwofite pou reprann lavil Elat nan men moun peyi Jida yo, li mete yo deyò nan lavil la. Se konsa moun Edon yo tounen nan lavil la kote yo rete jouk jounen jòdi a.