Deuteronomy 2:7
Chonje byen, Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tou sa n'ap fè. Li te pran swen nou pandan tout tan nou t'ap moute desann nan gwo dezè a. Sa fè karantan depi Seyè a la nan mitan nou, nou pa janm manke anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
6N'a achte manje pou nou manje nan men yo pou lajan nou, n'a mande yo achte ata dlo pou nou bwè.
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Genesis 26:12Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
Genesis 39:3Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
Exodus 16:35Moun pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje laman jouk yo rive sou fwontyè peyi Kanaran.
Numbers 22:12Men Bondye di Balaram konsa: -Piga ou ale ak mesye sa yo, tande. Piga ou bay pèp Izrayèl la madichon, paske se mwen ki beni yo.
Deuteronomy 8:4Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle.