Deuteronomy 23:5
Men, Seyè a, Bondye nou an, te refize koute Balaram, epi li fè madichon an tounen benediksyon pou nou, paske Seyè a, Bondye nou an, renmen nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Konsa, toutotan n'ap viv sou latè, piga nou janm fè anyen ni pou ede yo ni pou fè yo plezi.
Cross References
Numbers 22:5Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an.
Numbers 23:5Seyè a pale ak Balaram byen pale. Apre sa, li di l': -Tounen bò kote Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la.
Numbers 24:9Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!
Deuteronomy 7:7Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun.
Joshua 24:10Men, mwen pa koute l'. Konsa, li te blije ban nou benediksyon. Se konsa mwen sove nou nan men Balak.
Proverbs 26:2Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwezo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye.