Numbers 22:5
Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:16Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
Exodus 10:15Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt.
Numbers 31:8Yo touye senk wa moun Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our ak Reba. Yo touye Balaram, pitit Beyò a, tou.
Deuteronomy 23:5Men, Seyè a, Bondye nou an, te refize koute Balaram, epi li fè madichon an tounen benediksyon pou nou, paske Seyè a, Bondye nou an, renmen nou.
Joshua 24:9Apre sa, Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab, leve vin fè nou lagè. Li fè chache Balaram, pitit gason Peyò a, pou l' vin ban nou madichon.
Nehemiah 13:2Paske moun Amon ak moun Moab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip la. Okontrè, yo bay Balaram lajan pou l' te ka madichonnen yo. Men, Bondye fè tou, li vire madichon an, li fè l' tounen benediksyon.