Deuteronomy 25:9
bèlsè a va mache sou li, devan tout chèf fanmi yo, l'a wete yon grenn sapat nan pye nonm lan, l'a krache nan figi l', epi l'a di: -Men sa ki pou rive yon nonm ki refize bay frè li yon pitit.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Nan peyi Izrayèl la, y'a rele fanmi nonm sa a: fanmi nonm grenn sapat la.
Cross References
Numbers 12:14Men, Seyè a di Moyiz: -Si se te papa l' ki te krache nan figi l', li t'ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben, se pou yo fèmen l' pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Apre sa, y'a kite l' tounen.
Ruth 4:7Nan tan sa a, nan peyi Izrayèl, lè yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tè bay yon lòt moun, men sa yo te konn fè: Moun ki te gen dwa a wete yon grenn sapat nan pye l', li bay lòt moun lan li. Se konsa moun Izrayèl yo te konn fè tout moun konnen zafè a te regle nèt.
Ruth 4:10An menm tan tou, yo ban m' dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi non plis nan lavil la. N'a sèvi m' temwen pou sa ki rive jòdi a.
Job 30:10Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'.
Isaiah 50:6Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen.
Matthew 27:30Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l' kou nan tèt.