Deuteronomy 26:7
Lè sa a, nou rele Seyè a, Bondye zansèt nou yo, pou l' vin ede nou. Li tande lapriyè nou. Li wè nan ki mizè nou te ye, li wè tout lapenn ki te nan kè nou, li wè jan yo t'ap peze nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Moun peyi Lejip yo tonbe maltrete nou, yo malmennen nou, yo fòse nou travay di tankou esklav.
Cross References
Exodus 2:23Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
Exodus 3:9Bondye di ankò: -Koulye a menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo.
Exodus 6:5Koulye a, mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a.
2 Samuel 16:12Nou pa janm konnen, Seyè a va wè nan ki mizè mwen ye. Lè sa a, l'a ban m' benediksyon nan plas madichon l'ap ban m' jòdi a.
Psalms 50:15Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
Psalms 103:1Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!