Exodus 2:23
Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.
Cross References
Genesis 4:10Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj.
Genesis 18:20Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil.
Exodus 3:7Seyè a di: -Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri.
Exodus 7:7Moyiz te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lè yo t al pale ak farawon an.
Numbers 20:16Lè nou wè sa, nou rele nan pye Seyè a. Li tande vwa nou, epi li voye zanj li, li fè nou soti kite peyi Lejip sa a. Koulye a, men nou Kadès, yon lavil ki toupre fwontyè peyi ou la.
Deuteronomy 26:6Moun peyi Lejip yo tonbe maltrete nou, yo malmennen nou, yo fòse nou travay di tankou esklav.