Deuteronomy 27:13
Moun branch fanmi Woubenn, moun branch fanmi Gad, moun branch fanmi Asè, moun branch fanmi Zabilon, moun branch fanmi Dann ak moun branch fanmi Neftali yo va moute kanpe sou mòn Ebal lè y'ap bay pèp la madichon.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Moun Levi yo va pale ak pèp la, y'a rele byen fò pou tout moun ka tande:
Cross References
Genesis 29:32Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn.
Genesis 30:20Leya di: -Bondye fè m' yon bèl kado. Fwa sa a, mari m' pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li. Se konsa li rele pitit la Zabilon.
Deuteronomy 11:29Lè Seyè a, Bondye nou an, va fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an, n'a mete benediksyon an sou mòn Garizim, n'a mete madichon an sou mòn Ebal.
Joshua 8:33Apre sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, direktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Seyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon.