Joshua 8:33
Apre sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, direktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Seyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:49Lòd sa a bon ni pou natif natal yo ni pou moun lòt nasyon ki rete nan peyi a nan mitan nou.
Numbers 15:15Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a.
Numbers 15:29Se va menm regleman an pou tout moun ki fè bagay yo pa t' dwe fè san yo pa fè espre, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a.
Deuteronomy 27:11Menm jou sa a, Moyiz bay pèp Izrayèl la lòd sa a:
Deuteronomy 29:10Jòdi a, men nou tout nou reyini la a devan Seyè a, Bondye nou an, nou menm chèf tout branch fanmi nou yo, tout chèf fanmi nou yo ak tout lòt chèf yo, ak tout lòt gason nan pèp Izrayèl la,
Deuteronomy 31:12N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'.