Deuteronomy 27:9
Apre sa, Moyiz ansanm ak prèt moun Levi yo pale ak tout pèp la. Li di yo konsa: -Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, fè yon ti silans pou mwen, tanpri. Koute byen. Depi jòdi a se pèp Seyè a, Bondye nou an, nou ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
8N'a ekri sou wòch yo tout lòd ki nan lalwa sa a. N'a ekri yo pou tout moun ka li yo.
10Se pou nou obeyi l', se pou nou swiv tout lòd ak tout regleman mwen ban nou jòdi a.
Cross References
Deuteronomy 26:16Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Romans 6:17Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou.
1 Corinthians 6:9Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,
1 Peter 2:10Anvan sa, nou pa t' menm yon nasyon. Men koulye a, nou se pèp Bondye a. Anvan sa, Bondye pa t' gen pitye pou nou. Koulye a, li gen pitye pou nou.