1 Peter 2:10
Anvan sa, nou pa t' menm yon nasyon. Men koulye a, nou se pèp Bondye a. Anvan sa, Bondye pa t' gen pitye pou nou. Koulye a, li gen pitye pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Hosea 1:9Lè sa a, Seyè a di Oze: -W'ap rele l' Lorami, paske moun peyi Izrayèl yo pa moun pa m' ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.
Romans 9:25Se sa menm li di nan liv pwofèt Oze a: Moun ki pa t' pèp mwen an, se yo menm m'a rele pèp mwen. Nasyon mwen pa t' renmen an, se li menm m'a rele cheri mwen.
Romans 11:6Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo fave sa a; men se paske Bondye te vle fè l' pou yo. Si se pa t' konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò.
1 Corinthians 7:25Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyè a pa ban m' ankenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m', epi nou te mèt fè m' konfyans akòz favè Bondye fè m' nan kè sansib li gen pou mwen an.
Hebrews 4:16Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.