Deuteronomy 28:10
Lè sa a, tout pèp sou latè va wè Seyè a te chwazi nou pou pote non l', y'a gen respè pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:25Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: -Ann kouri kite moun Izrayèl yo an repo. Paske, Seyè a ap goumen pou yo kont nou.
Deuteronomy 2:25Depi jòdi a, m'ap fè tout nasyon ki sou latè pè nou kou chat. Konsa, depi y'a tande yo nonmen non nou, y'a pran tranble, y'a gen yon sèl kè sere k'ap pran yo.
Deuteronomy 11:25Pesonn p'ap ka kanpe devan nou pou rete nou sou kous nou. Kote nou pase, Seyè a, Bondye nou an, pral fè moun peyi a pè nou, yo pral kouri pou nou jan li te pwomèt nou li a.
1 Samuel 18:12Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a.
1 Chronicles 14:17Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.
Isaiah 63:19Depi kèk tan ou sèvi ak nou tankou si se pa ou ki chèf nou ankò, tankou si nou pa pèp ou a ankò.