Deuteronomy 28:27
Seyè a va fè bouton leve sou tout kò nou, menm jan li te fè moun peyi Lejip yo, n'a gen apse, lagal, pyas, epi nou p'ap ka jwenn gerizon pou maladi po sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:10Yo pran sann dife a, yo parèt devan farawon an. Moyiz voye sann lan jete anlè. Sann lan fè bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt. Epi bouton yo pete fè malenng.
Exodus 15:26Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.
Leviticus 21:20kit li gen boul nan do, kit li rachitik, kit li malad nan je, kit li gen maladi po, kit grenn li kraze.
Deuteronomy 28:60L'a voye sou nou ankò tout malè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo, malè ki te fè nou tranble yo. Nou p'ap janm ka soti anba yo.
1 Samuel 5:9Men, lè Bwat Kontra a rive la, Seyè a manyen ak moun lavil la. Li fè yon sèl kouri pete nan lavil la. Bondye pini yo, li voye yon kalite gwo bouton ki leve sou tout kò moun lavil la, timoun kou granmoun.
Psalms 78:66Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan.