Deuteronomy 28:49
Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.
Bib La
In The King James Version
In Context
50Se moun ki gen kè di. Yo p'ap respekte vye granmoun, ni yo p'ap gen pitye pou timoun.
Cross References
Isaiah 5:26Seyè a leve drapo l' pou l' bay siyal la. L'ap rele yon pèp ki byen lwen. L'ap soufle byen fò, l'ap rele moun soti jouk lòt bò nèt, nan dènye bout latè. Gade! Y'ap vole konsa, y'ap kouri vini!
Jeremiah 5:15Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm, pèp Izrayèl, Seyè a pral fè yon nasyon soti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di.
Jeremiah 48:40Men sa Seyè a di ankò: -Tankou yon malfini, yon lènmi ap plane ak zèl li yo gran louvri sou Moab.
Lamentations 4:19Moun ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k'ap plonje dèyè poul. Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a.
Ezekiel 17:3Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Vwala, se te yon gwo gwo malfini ak zèl li yo byen laj. Plim li yo te long epi yo te tout kalite koulè. Li vole li ale nan peyi Liban, li kase tèt yon pye sèd.
Daniel 6:22Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre?