Lamentations 4:19
Moun ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k'ap plonje dèyè poul. Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:49Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.
Isaiah 30:16Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!
Jeremiah 16:16Seyè a di ankò: -Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch.
Hosea 8:1Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a.
Amos 2:14Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou.
Habakkuk 1:8Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo soti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul.