Deuteronomy 29:18
Piga pesonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan ankenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Seyè a, Bondye nou an, pou y' al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pesonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 13:1Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou,
Psalms 10:13Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l': Li p'ap pini mwen?
Jeremiah 23:17Yo pale ak moun ki derefize koute m' yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki soti pou kenbe tèt avè m', y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!
Amos 6:12Eske chwal ka kouri sou glasi? Eske moun ka raboure lanmè avèk bèf? Men nou menm, nou fè lajistis tounen pwazon, nou fè inonsan pase pou koupab.
Hebrews 3:12Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.