Amos 6:12
Eske chwal ka kouri sou glasi? Eske moun ka raboure lanmè avèk bèf? Men nou menm, nou fè lajistis tounen pwazon, nou fè inonsan pase pou koupab.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Men lòd Seyè a bay: Y'ap kraze gwo kay yo an miyèt moso. Y'ap demoli ti kay yo.
Cross References
1 Kings 21:7Jezabèl di li: -Kouman! Se pa ou ki wa nan peyi Izrayèl la ankò? Leve non, monchè! Manje manje ou, fè kè ou kontan. Mwen pral ba ou jaden rezen Nabòt la.
Isaiah 48:4Mwen te konnen jan nou wòklò. Tèt nou di pase fè, di pase wòch
Jeremiah 5:3Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!
Hosea 10:4Men, tou sa se pale mete la. Y'ap fè sèman yo p'ap kenbe. Y'ap siyen kontra ki p'ap sèvi yo anyen. Nan tribinal, y'ap rann move jijman. Se tankou move zèb k'ap pouse nan yon jaden ou fèk pare.
Amos 5:7Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!
Micah 7:3Yo tout pase mèt nan fè sa ki mal ak de men yo. Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande lajan anba pou regle zafè pou moun. Grannèg yo menm mande sa yo vle. Se konsa yo tout yo fè yon sèl bann ansanm.