Deuteronomy 29:23
Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, ankenn plant p'ap ka pran ladan l'. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Seyè a te detwi nèt lè l' te ankòlè a, lè l' te move anpil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:2Yo kat yo leve, y al fè lagè ak senk lòt wa. Bera ki te wa Sodòm, Bicha ki te wa Gomò, Cheneab ki te wa Adma, Chemebè ki te wa zeboyim yo, ak wa peyi Bela a. Peyi sa a te rele Zoa tou.
Leviticus 26:32Se mwen menm ankò ki pral devaste peyi nou an. Ata lènmi nou yo ki pral pran peyi a pou yo rete pral sezi wè sa m'ap fè.
1 Kings 9:8Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.
Job 18:15Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf.
Isaiah 34:9Tout dlo larivyè nan peyi Edon pral tounen goudwon. Pousyè tè a ap tounen souf. Tout peyi a pral boule tankou goudwon.
Jeremiah 17:6Y'ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k'ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen.