Deuteronomy 29:27
Se konsa Seyè a vin fache anpil sou moun peyi sa a. Li sitèlman fache, li fè tout madichon ki ekri nan liv lalwa a tonbe sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:14Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fè tou sa m' mande nou fè la a, m'ap peni nou.
Deuteronomy 28:15Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:
Deuteronomy 30:1Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n' chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou,
2 Kings 17:6Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
Psalms 85:5(085:6) Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?
Daniel 9:11Tout pèp Izrayèl la nèt pa t' swiv lòd ou. Yo pran chemen kwochi, yo pa koute ou lè ou te pale yo. Se konsa tout madichon ak tout malè ki te ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè ou la, tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal devan ou.