Deuteronomy 30:1
Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n' chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:14Men ou mete m' deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m' al kache pou ou pa wè m'. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m'.
Deuteronomy 4:29Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.
Deuteronomy 27:1Lè sa a, Moyiz ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo bay pèp la lòd sa yo: -Se pou nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a.
Deuteronomy 28:64Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.
Deuteronomy 29:27Se konsa Seyè a vin fache anpil sou moun peyi sa a. Li sitèlman fache, li fè tout madichon ki ekri nan liv lalwa a tonbe sou yo.
Deuteronomy 30:15Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi.