Deuteronomy 29:8
Nou pran peyi yo a bay moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye nan moun branch fanmi Manase yo pou yo rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
9N'a kenbe kontra sa a. N'a fè tou sa ki di ladan l' pou nou ka reyisi nan tout sa n'ap fè.
Cross References
Numbers 32:33Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.
Deuteronomy 5:32Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.
Joshua 1:7Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.
1 Kings 2:3Se pou ou fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè.