Joshua 1:7
Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 27:23Li mete men l' sou tèt li, epi li ba li lòd li yo, jan Seyè a te di l' la.
Deuteronomy 5:32Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.
Deuteronomy 28:14san nou pa janm kite chemen li mete devan nou an pou n' ale dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo.
Deuteronomy 29:9N'a kenbe kontra sa a. N'a fè tou sa ki di ladan l' pou nou ka reyisi nan tout sa n'ap fè.
Joshua 1:1Apre Moyiz, sèvitè Seyè a, mouri, Seyè a pale ak Jozye, pitit gason Noun lan, ki te aladwat Moyiz nan tou sa li t'ap fè. Li di l' konsa:
Joshua 11:15Seyè a te bay Moyiz, sèvitè li a, lòd li yo. Moyiz menm te bay Jozye menm lòd yo tou. Se konsa Jozye te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè, san manke anyen.