Deuteronomy 30:18
m'ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:25Lè n'a gen pitit ak pitit pitit, lè n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fè sa nou pa t' dwe fè. Piga nou fè estati osinon pòtre ankenn bagay pou nou fè sèvis pou yo. Piga nou fè sa ki mal nan je Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè l' fache.
Deuteronomy 8:19Si nou rive bliye Seyè a, Bondye nou an, pou n' al kouri dèyè lòt bondye, pou nou fè sèvis pou yo, pou n' adore yo, mwen tou avèti nou jòdi a, nou tout nou gen pou nou disparèt.
Deuteronomy 31:21Konsa, lè tout kalite malè ak lafliksyon va tonbe sou yo, chante sa a va sèvi m' temwen, l'ap toujou nan bouch yo, paske pitit yo p'ap janm bliye l'. Wi, depi koulye a, anvan menm mwen fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt yo a, mwen konnen sa yo gen nan tèt yo.
Joshua 23:15Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.