Deuteronomy 30:8
Men, nou menm, n'a tounen vin jwenn Seyè a, n'a koute l', n'a fè tou sa li ban nou lòd fè a, jan mwen mande nou li jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:2si nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, si nou koute l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a,
Isaiah 1:25Mwen pral regle nou. Mwen pral netwaye nou nan dife, tankou lè y'ap netwaye fè. Mwen pral wete tout vye kras ki sou nou.
Jeremiah 32:39Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo.
Ezekiel 36:27M'ap mete Lespri m' nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo.
Romans 11:26Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap wete lèzòm anba esklavaj la, se nan Siyon l'ap soti. L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo, voye jete byen lwen.
Philippians 2:13Paske, se Bondye menm k'ap travay tout tan nan kè nou. Se li ki ban nou anvi fè sa ki pou fè l' plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè l' vre.