The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 30 › Deuteronomy 30:7

Deuteronomy 30:7

Seyè a, Bondye nou an, va fè tout madichon sa yo tonbe sou lènmi nou yo, sou moun ki pa t' vle wè nou yo, sou moun ki t'ap maltrete nou yo.

Bib La

In The King James Version

And the LORD thy God will put all these curses upon thine enemies, and on them that hate thee, which persecuted thee.

In Context

6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.

8Men, nou menm, n'a tounen vin jwenn Seyè a, n'a koute l', n'a fè tou sa li ban nou lòd fè a, jan mwen mande nou li jòdi a.

Read all of Deuteronomy 30

Cross References

Numbers 24:9Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!

Deuteronomy 7:15Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.

Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.

Jeremiah 25:12Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan.

Jeremiah 30:16Men, yon lè yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou koulye a. Y'ap fè tout moun ki pa vle wè ou yo prizonye, y'ap depòte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avè ou yo.

Jeremiah 51:24Seyè a di ankò: -Devan je nou tout, m'ap fè lavil Babilòn ansanm ak tout pèp li a peye tout mechanste li te fè lavil Jerizalèm yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 30:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 30:6Deuteronomy 30Deuteronomy 30:8 →