The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 31 › Deuteronomy 31:7

Deuteronomy 31:7

Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l' devan tout pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l' antre pran peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a.

Bib La

In The King James Version

And Moses called unto Joshua, and said unto him in the sight of all Israel, Be strong and of a good courage: for thou must go with this people unto the land which the LORD hath sworn unto their fathers to give them; and thou shalt cause them to inherit it.

In Context

6Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.

8Seyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.

Read all of Deuteronomy 31

Cross References

Numbers 27:19epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li.

Deuteronomy 1:38Se Jozye, pitit gason Noun lan, k'ap sèvi avè ou la, ki va antre nan plas ou. Ankouraje l' tande, paske se li menm ki pou fè pèp Izrayèl la antre al pran peyi a.

Deuteronomy 31:3Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki pral pran devan nou. L'ap detwi tout nasyon sa yo devan je nou pou nou ka pran peyi yo pou nou: Se Jozye ki va mache devan nou, jan Seyè a te di l' la.

Deuteronomy 31:21Konsa, lè tout kalite malè ak lafliksyon va tonbe sou yo, chante sa a va sèvi m' temwen, l'ap toujou nan bouch yo, paske pitit yo p'ap janm bliye l'. Wi, depi koulye a, anvan menm mwen fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt yo a, mwen konnen sa yo gen nan tèt yo.

Joshua 1:6Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a.

1 Kings 2:2-Talè konsa mwen pral fè dènye gwo vwayaj la tankou tout moun sou latè. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 31:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 31:6Deuteronomy 31Deuteronomy 31:8 →