Deuteronomy 31:9
Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Seyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 4:15Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.
Deuteronomy 10:8Se lè sa a Seyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyè a, pou yo ka kanpe devan l' fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l', jan y'ap fè l' jouk koulye a.
Deuteronomy 31:22Menm jou sa a, Moyiz ekri chante a epi li moutre tout moun pèp Izrayèl yo li.
Deuteronomy 31:25li rele moun Levi ki te reskonsab pou pote Bwat Kontra Seyè a, li di yo konsa:
Joshua 3:3Yo t'ap bay pèp la lòd sa pou yo fè. Yo t'ap di yo: -Lè n'a wè prèt yo ak moun Levi yo leve Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an, pou yo pati, n'a fè pakèt nou pou nou ka swiv yo.
Joshua 6:12Nan denmen maten, Jozye leve, epi prèt yo pran Bwat Kontra Seyè a ankò.