The Bible Software
bible.software › Numbers › Numbers 4 › Numbers 4:15

Numbers 4:15

Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.

Bib La

In The King James Version

And when Aaron and his sons have made an end of covering the sanctuary, and all the vessels of the sanctuary, as the camp is to set forward; after that, the sons of Kohath shall come to bear it: but they shall not touch any holy thing, lest they die. These things are the burden of the sons of Kohath in the tabernacle of the congregation.

In Context

14Y'a pran tout bagay ki mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plat pou resevwa sann, y'a mete yo sou lotèl la. Apre sa, y'a kouvri l' ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la.

16Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, va reskonsab kontwole lwil lanp yo, lansan santi bon an, pen yo toujou ofri bay Seyè a ak lwil pou mete moun apa a. Wi, l'a kontwole tout kay Bondye a nèt ak tou sa ki ladan l', menm kote ki apa nèt pou Seyè a ak bagay ki ladan l' yo.

Read all of Numbers 4

Cross References

Exodus 19:12W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pesonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l'.

Numbers 1:51Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'.

Numbers 3:31Se yo ki te reskonsab Bwat Kontra a, tab la, gwo lanp sèt branch lan, lotèl yo ak tout bagay ki sèvi nan kote ki apa nèt pou Bondye a, rido yo ansanm ak tout bagay ki mache avèk rido yo.

Numbers 7:9Men li pa bay noun Keyat yo anyen, paske se sou zepòl yo pou yo pote tout bagay ki nan kote ki apa nèt pou Bondye a.

Numbers 18:3Y'a fè tou sa yo gen pou yo fè pou ou, ak tou sa pou yo fè nan kay Bondye a. Men, se pa pou yo janm pwoche bò bagay yo mete apa pou Bondye yo, ni bò lotèl yo. Si yo fè sa, ni ou menm ni yo menm, n'ap mouri.

Joshua 4:10Prèt yo te rete kanpe avèk Bwat Kontra a sou zepòl yo, nan mitan larivyè a jouk yo fin fè tout sa Seyè a te bay lòd pou pèp la te fè, jan Moyiz te mande pou Jozye fè l' la. Se konsa, pèp la prese janbe lòt bò larivyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Numbers 4:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Numbers 4:14Numbers 4Numbers 4:16 →