Deuteronomy 32:18
Yo bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a. Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a.
Bib La
In The King James Version
Of the Rock that begat thee thou art unmindful, and hast forgotten God that formed thee.
In Context
19Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l' yo ak sou pitit fi l' yo!
Cross References
Deuteronomy 8:11Veye kò nou pou nou pa janm bliye Seyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a.
Deuteronomy 8:19Si nou rive bliye Seyè a, Bondye nou an, pou n' al kouri dèyè lòt bondye, pou nou fè sèvis pou yo, pou n' adore yo, mwen tou avèti nou jòdi a, nou tout nou gen pou nou disparèt.
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
Psalms 44:20(044:21) Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,
Isaiah 17:10Nou menm pèp Izrayèl, nou te bliye Bondye ki te delivre nou an. Nou pa t' chonje Bondye ki te pwoteje nou an. Se poutèt sa n'ap plante bèl ti jaden sou kote pou fè sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.
Jeremiah 2:31(Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!