Isaiah 17:10
Nou menm pèp Izrayèl, nou te bliye Bondye ki te delivre nou an. Nou pa t' chonje Bondye ki te pwoteje nou an. Se poutèt sa n'ap plante bèl ti jaden sou kote pou fè sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:16men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo.
Deuteronomy 6:12fè atansyon pou nou pa bliye Seyè a, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.
Deuteronomy 8:14pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.
Deuteronomy 28:30N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l'. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l'.
Deuteronomy 32:4Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
Deuteronomy 32:18Yo bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a. Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a.