Deuteronomy 32:23
M'ap fè yon seri malè tonbe sou yo. M'ap voye tout flèch mwen yo sou yo.
Bib La
In The King James Version
I will heap mischiefs upon them; I will spend mine arrows upon them.
In Context
Cross References
Leviticus 26:24mwen menm tou m'a kenbe tèt avèk nou. M'ap frape nou sèt fwa pi rèd ankò pase anvan poutèt peche nou yo.
Deuteronomy 29:21Seyè a va wete l' nan mitan rès moun pèp Izrayèl yo, l'a pini l' dapre madichon n'a jwenn nan kontra ki ekri nan liv lalwa Seyè a.
Psalms 7:12(07:13) Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.
Isaiah 24:17Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou!
Jeremiah 15:2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!
Ezekiel 5:16M'ap koupe viv nou, m'ap kite nou mouri grangou. Nou pral santi doulè grangou a tankou si se flèch yo voye sou nou pou touye nou.