Deuteronomy 32:24
Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo. Move maladi va minen yo. M'a voye bèt nan bwa atake yo. M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
23M'ap fè yon seri malè tonbe sou yo. M'ap voye tout flèch mwen yo sou yo.
Cross References
Genesis 3:14Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.
Leviticus 26:22M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.
Deuteronomy 28:53Lè lènmi nou yo va sènen nou nan lavil nou yo, y'a mete nou nan yon sèl kalite mizè ak kè sere, n'a sitèlman grangou, n'a manje pwòp pitit nou yo, pitit gason ak pitit fi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
Psalms 91:6Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.
Isaiah 65:25Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pesonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Seyè a menm ki di sa!
Jeremiah 14:18Lè m' soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m' antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè.