Deuteronomy 33:13
Men sa li di pou branch fanmi Jozèf la: Se pou Seyè a beni peyi ki pou yo a. L'a voye bonkou lapli sot nan syèl la, l'a fè sous dlo pete toupatou.
Bib La
In The King James Version
In Context
14L'a fè pyebwa ki donnen chak lanne bay bon rekòt. L'a fè pyebwa ki donnen chak sezon bay bon fwi.
Cross References
Genesis 48:5Bon. De pitit gason ou te fè nan peyi Lejip anvan m' te vin jwenn ou isit la a, se pitit mwen yo pral ye. Wi, Efrayim ak Manase ap pou mwen tankou Woubenn ak Simeyon.
Genesis 48:15Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.
Deuteronomy 32:2Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant yo, tankou yon ti lapli nò k'ap tonbe sou zèb gazon.
Psalms 110:3Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
Proverbs 19:12Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
Hosea 14:5M'ap tankou lawouze pou moun Izrayèl yo. Yo pral fleri tankou flè nan jaden. Yo pral pouse rasin tankou pyebwa nan peyi Liban.