Deuteronomy 33:2
Li di: -Seyè a soti mòn Sinayi, li leve tankou solèy lòt bò peyi Seyi. L'ap klere depi sou tèt mòn Paran an. Li rive jouk Meriba nan peyi Kadès. Sou bò dwat li yon flanm dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Men benediksyon Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay moun pèp Izrayèl yo anvan li mouri.
Cross References
Deuteronomy 5:22Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.
1 Kings 11:18Yo kite lavil Madyan, yo pase lavil Paran. Antan yo la, yo pran kèk gason avèk yo, yo desann peyi Lejip bò kote wa peyi a. Farawon an ba li yon kay pou l' rete ak yon pòsyon tè pou l' travay. Lèfini li ba li manje.
Psalms 68:7(068:8) O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a,
Psalms 68:18(068:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
Habakkuk 3:3Bondye ap vini soti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann soti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè.
2 Corinthians 3:7Yo te make lalwa a lèt pa lèt sou de moso wòch plat. Pouvwa Bondye a te parèt aklè lè li t'ap bay li. Lè sa a, figi Moyiz te sitèlman klere, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka fiske je yo sou li. Men, figi Moyiz la pa t'ap rete klere tout tan. Si travay lalwa a, ki te la pou bay lanmò, te parèt konsa,