Deuteronomy 5:22
Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:19Twonpèt la t'ap kònen pi fò toujou. Moyiz t'ap pale, Bondye t'ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loraj.
Exodus 31:18Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.
Deuteronomy 4:13Seyè a te fè nou konnen kontra li te pase ak nou an. Li mande nou pou nou kenbe l'. Li te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat yo, li mande pou nou swiv yo.
Deuteronomy 4:36Li rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l' pou l' te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou.
2 Kings 17:37Se pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.