Deuteronomy 33:22
Men sa li di pou branch fanmi Dann lan: Dann se yon jenn ti lyon k'ap kouri soti peyi Bazan.
Bib La
In The King James Version
And of Dan he said, Dan is a lion’s whelp: he shall leap from Bashan.
In Context
Cross References
Genesis 49:16Dann ap yon chèf pou pèp li, tankou yon branch nan fanmi Izrayèl.
Judges 13:2Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa t' janm ka fè pitit.
Judges 14:6Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a.
Judges 15:8Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam.
Judges 16:30Epi li di: -M' te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li.
1 Chronicles 12:35Nan branch fanmi Dann lan ventwimilsisan (028.600) sòlda.