Judges 16:30
Epi li di: -M' te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:15Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
Judges 15:8Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam.
Job 20:5mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.
Psalms 62:3(062:4) Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe?
Matthew 16:25Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, li va jwenn li ankò.
Acts 20:24Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.