Deuteronomy 33:5
Seyè a te wa nan mitan pèp Izrayèl la lè tout chèf pèp la te reyini, lè tout branch fanmi pèp Izrayèl la te sanble.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Moyiz ban nou lalwa. Se yon byen li kite pou tout fanmi Jakòb la.
Cross References
Genesis 36:31Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.
Exodus 18:16Lè yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè.
Numbers 16:13Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
Judges 8:22Apre sa, moun pèp Izrayèl yo di Jedeyon konsa: -Se pou ou vin chèf sou nou, ou menm, pitit ou ak pitit pitit ou apre ou. Paske ou delivre nou anba men moun Madyan yo.
Judges 17:6Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.