Numbers 16:13
Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 1:22Lè sa a, farawon an bay pèp la lòd sa a: -Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men, kite tout ti fi yo viv.
Exodus 2:23Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
Exodus 17:3Men, pèp la te swaf dlo anpil, yo t'ap bougonnen sou do Moyiz. Yo di l': -Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou te fè nou vin mouri swaf dlo isit la, avèk pitit nou yo ansanm ak tout bèt nou yo?
Numbers 11:20Se va pandan tout yon mwa. N'a gen pou nou manje l' jouk l'a soti nan twou nen nou, jouk n'a rebite l', paske nou te vire do bay Bondye ki te la nan mitan nou an, nou t'ap plenyen nan zòrèy li, nou t'ap di nou pa t' dwe janm soti kite peyi Lejip.
Numbers 14:2Yo tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa: -Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a!
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.