Deuteronomy 4:22
Se konsa, mwen menm, m'ap mouri bò isit la, mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an. Men, nou menm, n'ap janbe lòt bò larivyè a, nou pral pran bon peyi sa a pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 1:37Nou lakòz Seyè a te fache ata avè m', epi li di m': Ou menm tou Moyiz, ou p'ap antre nan peyi a.
Deuteronomy 3:27Moute sou tèt mòn Pisga a. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade sou bò nò, sou bò sid, sou bò solèy kouche ak sou bò solèy leve. Louvri je ou. Gade byen, paske ou p'ap janm mete pwent pye ou lòt bò larivyè Jouden an.
Amos 3:2Nan tout pèp ki sou latè, se nou menm sèl mwen te chwazi, se nou menm ase mwen te okipe. Se poutèt sa, m'ap pini nou pou tout peche nou fè yo.
2 Peter 1:13Wi, toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m' fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou.