Amos 3:2
Nan tout pèp ki sou latè, se nou menm sèl mwen te chwazi, se nou menm ase mwen te okipe. Se poutèt sa, m'ap pini nou pou tout peche nou fè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t' antann yo anvan?
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Deuteronomy 7:6N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.
Deuteronomy 26:18Jòdi a tou, Seyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l' te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa l'a mande nou fè.
Psalms 147:19Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
Jeremiah 1:15Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fotèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l' yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.
Jeremiah 10:25Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.