Deuteronomy 4:3
Nou menm, nou te wè sa Seyè a te fè bò mòn Peyò a, lè li te touye tout moun nan mitan nou ki te al fè sèvis pou Baal sou mòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Men, nou menm ki pa t' lage pye Seyè a, Bondye nou an, nou tout la byen vivan toujou.
Cross References
Numbers 25:3Se konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Seyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo.
Numbers 31:16Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la.
Joshua 22:17Chonje peche nou te fè bò Peyò a, lè Seyè a te pini pèp li a. Jouk koulye a n'ap soufri pou bagay sa a toujou. Sa pa kont toujou?
Hosea 9:10Seyè a di: Lè m' te fèk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m' te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m' te fèk wè zansèt nou yo, se te tankou si m' te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m' vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo.