Numbers 25:3
Se konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Seyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
And Israel joined himself unto Baal-peor: and the anger of the LORD was kindled against Israel.
In Context
Cross References
Numbers 25:5Moyiz di chèf ki te reskonsab pèp la: -Se pou nou chak nou touye tout gason nan moun nou yo ki te al sèvi Baal-Peyò.
Deuteronomy 4:3Nou menm, nou te wè sa Seyè a te fè bò mòn Peyò a, lè li te touye tout moun nan mitan nou ki te al fè sèvis pou Baal sou mòn lan.
Judges 2:11Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo.
Judges 2:14Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò.
Psalms 90:11Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?
Psalms 106:29Sa te moute kolè Seyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t'ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo.